' sede' - to give up. 'leve' - to get up. 'ale' - to go.

Wednesday, June 5, 2013

A lullaby

Anvan lannuit fini rivé

Nou konnin nou peche anpil, Bondié papa nou. Pou nou kapab dômi trankil, padonnin nou.

1. Anvan lannuit fini rivé, Bondié papa nou
Nou tout isit nou rasanblé, pou priyè ou.

2. Nan linivè ou sé sèl Mèt, Bondié Papa nou. Sé ou-minm sèl nou rékonèt, nan péyi nou.

3. Ou té banou yon bon jounin, Bondié papa nou. Fè nou pasé yon bon souaré, protéjé nou.

4. Ou té sékouri nou byin vit, Bondié papa nou. Tankou manmam fè pou pitit, mèsi bokou.

5. Lajounin-a pasé byin vit, Bondié papa nou. Pa kité nou mouri sibit, nan somèy nou.

6. Lè n-a mouri, tanpri souplé, Bondié papa nou. Fè n-al joui nan létènité, pran nou ak ou.

No comments:

Post a Comment